Èske Wendyyy joure l ? Non
Èske l pa asepte sak fèt la ? Wi
Kisa w vle ? M vle l siprime tout Albòm nan epi pou Fanatik yo kont li.
Poukisa menm ? Mennen an deranje m.
Ben.. ala chou.😁
Fòk Neymar te vole pou gòl Brezil pou lèzòm dekouvri l gen lanmou pwòp.
Fòk Ronaldinho te bay verite pou yo di l banbochè.
Fòk Brezil bat 4-1, Vinicius double pou Copa America gwo Chanpyona.
Fòk yon Brezilyen te nan kous Balon dò pou l gen valè.
Fòk Messi te fini foutbòl 😂
Flickball ap retounen
Vinicius poko gen Paspò Brezilyen
Mbappé toujou nil
Brezil nan koub lan
901 gòl pa vle di Mondyal
Messi ret Chanpyon di Mond
Seza ak Nathan te nan koub lan 😄
Kounya yap mande pasyans pou Klebè.
Fan Ajantin/Messi yo tèlman konn fè deba. Nèg yo gen agiman, lap difisil pou yo pa fè w parèt enkoyeran, anfas responsabilite w men ou men koub la fòk ou pridan.
E sa s on fyète pou mwen ! 😂
M panse pi gwo pawòl Wendyyy nan Interview a se :
Lè w pa enpoze yon moun koute,apresye,renmen yon bagay lap ret etènèl,paske se li ki dekouvri l natirèlman,donk lanmou an vini san fòse.
Medam aprann achte bèl mayo, dekwa lè mennaj nou vin lakay nou. Pou n fè echanj avè l, pa ban nou li kòm kado !
Di pito : "Bae mwen renmen sant parfum w kite m fè rès moman ak mayo w,ale ak sa pito. Ofri nou jan de afeksyon sa yo nou renmen sa.
Pa sèlman pop pop.😇