
Windy Phele
@windyphele
Followers
33K
Following
49
Media
614
Statuses
3K
Pawòl sa w di a pa popilè. Pa etone si yo trete w de PHTK k ap defann gang. Bon kouraj konpatriyòt.
Koze mache arete moun paske entènasyonal la pran sanksyon kont moun nan se yon veritab radòt. Yo dwe arete moun sou baz evidans, se pa sou baz tripotay sa dwe fèt. Gouvènman an men m olye poul montre entènasyonal la pratik sa a ap mete nou nan plis pwoblèm li prefere ap ajiste.
5
4
10
Yon gwoup nèg ki ap sanksyone jij CPI paske yo deside pousuiv moun ki fè krim kont limanite, èske yon moun sipoze pran moun sa yo oserye lè yo di w y ap sanksyone kèk politisyen ayisyen ki pa danse kole avèk yo ankò. Moun sa yo pa gen moralite ase.
The #ICC strongly rejects new US sanctions against Judges and Deputy Prosecutors ⤵️
0
0
2
Sou kesyon fatra okap la, n ap note nouvo majistra a te bay Anthony Drew Rezon pandan l te ajoute « Okap sal pou tout bon ».
Anthony Drew gen rezon. Yon moun ki fache pou sa l di a jis pran pòz avèg. Okap sal pou tout bon! .Youn nan premye pa yo se pou nou pran konsyans ke vil la sal pou tout bon e fòk gen kolaborasyon tout sitwayen pou on nou wè on chanjman.
2
0
3
Si se Alix Didier fils aimé ak minis jistis la ki revoke Komisè a paske l libere Nenel Cassy, pa gen anyen ki anpeche yo egzije nouvo komisè gouvènman an mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen senatè a imedyatman. Ke yo fè l kounye a menm pandan y ap korije erè pwosediral.
Libération de Nenel Cassy : le ministre de la Justice sous pression. Selon nos informations, le ministre de la Justice avait reçu l'instruction du Premier ministre de veiller à ce que le dossier de l'ancien sénateur Nenel Cassy soit traité dans le strict respect de la loi.
2
0
2
Lèt Revokasyon sa a ekri depi avan yè. Donk, depi avan DCPJ te voye Nenel nan pakè a.
@windyphele @RalphEFrancois @windyphele ou t ap di revokasyon sa a pa lye ak liberasyon Nenel Cassy sèlman ?.
5
0
0
« La communauté internationale ayant réagi avec fermeté à la libération de l'ex-sénateur des Nippes » d’après Métronome menmjan yo te bloke nominasyon Paraison nan tèt PNH la 🤣. Ala yon vye Métronome sa a😂. Nou renmen w.
Libération de Nenel Cassy : le ministre de la Justice sous pression. Selon nos informations, le ministre de la Justice avait reçu l'instruction du Premier ministre de veiller à ce que le dossier de l'ancien sénateur Nenel Cassy soit traité dans le strict respect de la loi.
4
1
10
Se sa k fè mwen sèmante mwen pa bezwen pòs sa a tout tan pa gen bon jan lwa ki pwoteje majistra sa yo nan peyi a. Li twò fasil vre.
@thethoughone Mwen fè kesyonman an pi laj e mwen pran an kont reyalite ak listwa pa nou nan sistèm pa nou an. Mwen di li twò fasil pou yon CG kapab fasilman revoke si l pran yon desizyon egzikitif pa dakò. Mwen pa di l pa gen dwa revoke, men mwen di nou fè pwosesis la twò fasil.
2
0
1
Anpil medya isit koze anpil dega nan fason y ap bay enfòmasyon. Sa fè anviwon 3 semèn depi yon ekip avoka bloke pakè pòtoprens. Komisè a konn pase plizyè jou pa ka al travay. Se nan gwo difikilte, avèk zam anlè, li konn fè ti kout pye anba a. Jodi a yo revoke l, tout nèg di w.
Minis jistis la revoke komisè gouvènman Pòtoprens lan Frantz Monclair pou « faute administrative grave ». Minis lan pran desizyon sa a akoz gwo chire pit ki te genyen ant chèf pakè kapital la avèk yon gwoup avoka k ap manifeste kont li depi deja plizyè semèn e ki pètibe
5
0
4