PWEZI LIBÈTE
@pwezilibete
Followers
1K
Following
7K
Media
533
Statuses
1K
Atizay sou tout fòm : Atis pent, powèt, chantè, rapè, ekriven, eslamè, dizè, kontè, komedyen, elatriye... pwomote zèv literè yo nan tout entegralite yo.
Haiti
Joined April 2023
An prelid jounen entènasyonal LANG ak KILTI KREYÒL la, PL ap prezante yon espas, samdi 25 Oktòb sa a, 8 è nan aswè sou X, sou tèm "KREYÒL : Lang revolisyon", yon espas bwase lide sou lang KREYÒL ak KILTI plis PWEZI, pandan n ap tou pwofite selebre lavi mèt @CadetAland. Byenvini !
1
9
14
Jodi samdi 18 Oktòb 2025 lan, sou X (Twitter) 8 è nan aswè pou 10 è, Pwezi Libète pral pale sou zansèt nou yo, men espesyalman sou papa nasyon ayisyen an, Jan Jak DESALIN, paske pèsonn pa ka pale sou LIBÈTE nan mond sa a san l pa site non potorik nonm vanyan sa a ki se DESALIN.
0
13
18
Pwezi Libète ap swete chanpyon nimewo 1 nan premye konkou powèm PL sou tèm "Ayiti lank kè m detenn sou kò w", @mangurart, yon bon rekòt kafe nan okazyon anivèsè nesans li, jodi 16 Oktòb 2025 lan.
0
7
15
Nou pa konn ou menm kòm gason ki kote je w pran woulib nan kò fanm, men otè Cobra's LIBÈTEN se nan branch fèy pwèl fanm li pran woulib pou l zoklote alsiyis, k ap bay libètinay ochan nan de pwent tete fanm kreyòl koulè kreyòl. PL swete w yon bon jounen ak yon bon lèkti kanmarad.
1
9
18
Byenke nou pa remake tèm "dulcimide" la nan lang fransè a, men sanble se yon konbinezon ant mo "dulce" ak "imide", ki sijere yon enplikasyon ant gou dou avèk yon konpoze òganik "imide", oubyen yon mo otè a kreye apati "dulcimer, ki se yon enstriman mizik. PL swete w yon bon lèkti
0
8
21
Madichon sa se yon benediksyon ki fèt de pye devan tou vivan, nan lopital plim powèt Cobra's nan sal LIBÈTEN.
0
8
22
Demen samdi a k ap 4 Oktòb 2025 lan depi 8 è nan aswè, Pwezi Libète ap envite w vin fè yon kokennchenn eksperyans anba tonèl li a, kote tout sa k pral di, tout sa k pral fèt ap pwezi, e kote tout moun ap powèt jan yo pi pito, paske se pral yon banbòch powetik. N ap tann ou 🙏...
0
6
18
Nan sosyete ayisyen an nou souvan konsidere manman yo kòm poto mitan bò kote mari yo ak pitit yo, byenke gen anpil manman ki pa gen mari oubyen nonm bò kote yo, men gen kèk papa tou ki san fanm, san madanm. Tèks sa pa yon powèm, men yon S.O.S. yon papa ann Ayiti. Ebyen byen li l.
1
11
22
N ap deside chwazi adòpte Negritid la oubyen n ap kontinye avèk atitid egri, atitid chyen manje chyen youn anvè lòt la ? Pwezi Libète ap envite ou reflechi sou tèks sa, pandan l ap swete ou yon bon jounen nan yon lanmou plen konsyans ou, kanmarad.
0
8
20
1 è nan maten se moman anpil moun ap repoze kò yo paske somèy yo deja vole wo, se moman tou anpil lanmoure ak lanmourèz ap kwaze leuit anba dra, epi chanje pòz detanzantan nan chèche ti pòz 2Zo sou bann radyo fant janm. 1 è nan maten se moman lespri @laurentwesly3 t ape pwomennen
0
11
24
Pou pa gen plenyen, pou pèsonn pa di l pa t konnen, depi byen bonè estaf Pwezi Libète ap fè w konnen, samdi sa a k ap 27 SEPTANM 2025, 8 nan aswè sou X (Twitter), l ap òganize yon espas espesyal pou tout powèt ak tout moun, vin di, vin li, vin pale, vin tande pwezi jouk mayi mi.
0
11
22
Pou pa gen plenyen, pou pèsonn pa di l pa t konnen, depi byen bonè estaf Pwezi Libète ap fè w konnen, samdi sa a k ap 27 SEPTANM 2025, 8 nan aswè sou X (Twitter), l ap òganize yon espas espesyal pou tout powèt ak tout moun, vin di, vin li, vin pale, vin tande pwezi jouk mayi mi.
0
11
22