Detay Lakay
@DetayLakay_
Followers
8K
Following
10K
Media
617
Statuses
6K
Ou anvi aprann ekri kreyòl ayisyen kòmsadwa? Suiv kont sa a!
🇭🇹
Joined October 2018
Menm si w te suiv kou a deja, si w enskri nan kou k ap kòmanse samdi a, w ap gen chans aprann plis bagay. Nou pral pale de premye ak dezyèm rezolisyon an.
@DetayLakay_ Eske ap gen posibilite pou nou jwenn yon "thread" oubyen kèk twit ki ap bay plis eksplikasyon konsènan nouvo rezolisyon AKA pran pou alfabè an ? Anplis eske lòt moun ki te pran kou an deja pa ta dwe jwenn yon mizajou ? M salye inisyativ la e mèsi deja pou repons ou.
3
1
6
Ki kategori gramatikal "an" nan ka sa? Foumi an (detèminan) - an plastik (prepozisyon). Nan "an" nou ki wòl li jwe?
@DetayLakay_ "An" se eleman ki ensite "nou" fè aksyon an. An nou sispann pale. An nou kite sa. An nou bay vag.
0
1
1
Jan m te di l talè a, tou 2 òtograf yo ap sikile depi lontan.
@Delmas_32 @leevensvilme @DetayLakay_ M kounya mwen ta renmen konnen Kibò “Annou” an s on sèl mo an. Èske s on règ ki fenk vini oubyen li te la deja
2
0
3
Rezolisyon an disponib sou sit Akademi Kreyòl la. Se pa dokiman sa a m itilize pou m esplike. M ap pale de sa depi kèk lane. Se yon deba ki la lontan. Evite pran estrikti lòt lang tou lè n ap fè mòd analiz sa yo. Nan tout egzanp ou bay yo chak mo gen sans yo malgre yo poukont yo.
@DetayLakay_ @Delmas_32 @SenatSteevenley Sa se dezyèm rezolisyon an, l ap soti 26 oktòb daprè sa prezidan AKA te di mwen avan yè. Ou mal entèprete l. Nan "An NOU ale", "Nou" se premye pèsòn pliryèl. Nan lang fransè ak anglè ou ta ka di "allons NOUS", "Let US go" (Let's go)*
1
0
2
Mwen deja presize "an" egziste poukont. Kounye a èske lè di w di, "lakay AN nou" (donk lakay nou) se menm reyalite "annou al lakay nou" w ap pataje? Se pa menm bagay la. Nan egzanp ou yo "an" gen sans poukont li.
@DetayLakay_ @SenatSteevenley @leevensvilme Sa w fè de « an » ki detèminan an ? Egz: Lakay AN nou (rejyon Nò) Lakay nou AN (rejyon Lwès ak Sid)
1
0
3
Ann. Annou se yon grenn mo. Si yo separe yo "an" pa gen sans poukont li nan ka sa.
@DetayLakay_ ki fòm kontrakte an nou ? Silvouplè
1
0
3
https://t.co/lQuPrMd08q Ale sou sit Akademi an epi klike sou: "Dezyèm rezolisyon sou òtograf lang kreyòl."
akademikreyol.net
0
1
6
Pozisyon Akademi an sou jan nou dwe ekri lè: "Sistèm òtograf la itilize mo ‘è’ oswa zè pou li eksprime ‘lè’ selon kontèks yo: ➢ Li 5 è / li senk è. Li 8 è / li uit è. ➢ Li 2 zè, 3 zè, 6 zè, 10 zè / li de zè, twa zè, sis zè, dis zè. ➢ Men: 4 è / li kat è." Sa w panse?
2
7
18
Ou ka toujou patisipe nan sa a. Gen nouvo enfòmasyon epi fòma kou a ap chanje.😁
@DetayLakay_ Èske se you nivo avanse? Paske m te patisipe nan premye sa w te fè a.
1
0
0
#PaBliye - Vini = Vin ✔️ ; Vinn ❌ - Fini = Fin ✔️ ; Finn ❌ - Pa ap = P ap ✔️ ; Pap ❌ - 8= Uit ✔️ ; Wit ❌ ; - Pwoblèm ✔️; Problèm ❌ - Wi (oui) ✔️ ; Ui ❌ - Jodi a ✔️ ; Jodia ❌ - Li ap = L ap ✔️ ; Lap❌ - Mwen ap = M ap ✔️ ; Map ❌ - Suiv ✔️ ; Swiv ✔️
0
5
19
Sonje: Òtograf chif 8 se "uit". Si ou ekri "wit" sa vle di se "ouit" ou di lè w ap pale. "ui" se youn nan 32 son nan kreyòl ayisyen. Li nan alfabè a depi premye piblikasyon li nan lane 1979.
1
4
18
Dapre AKA an, gen yon sèl aksan nan kreyòl la ki se aksan fòs. - "Pan mi an tonbe." - Machin nan an pàn. • Chen | Chèn - Kijan ti chen w lan rele? - Pitit sa p ap soti san chèn lò l pa nan kou l! • Bonbon | Bonbòn - Konbyen bonbon sa a? - Fò n chanje bonbòn gaz la wi!
0
4
12
- Men m ap pase bò palè a la a, talè m ap rive kote w la. • Lo | Lò - Misye gen yon lo mango nan valiz li. - M pa mache nan lari ak bijou lò ankò. • Bo | Bò - Vin bo matant ou non! - M pa sou bò w la pitit. Afè pa m m ap regle. • Pan | Pàn Sonje 👇🏿👇🏿
1
2
11
PA JANM BLIYE mete aksan fòs lè ou ap ekri. Li jwe yon gwo wòl sou jan vwayèl yo sonnen. + si ou pa mete aksan, sans mo a ka vin chanje nèt! Egz : • Bebe | Bèbè - Ti bebe a malad. - Ou pa bèbè! Ouvri bouch ou pou w reponn mwen. • Pale | Palè - Tifi sa a pale anpil!
2
6
20
Gen - kan/kann: Boul la pase sou tèt kan an ; Machann kann nan pa la. - pan/pann: M poko janm wè yon pan 🦚 ; Madanm li kite li, li pann tèt li. - van/vann: Kawotchou a manke van ; Vann mwen 10 goud akra tanpri. - tan/tann: Tan pase! Se pa dat m ap tann ou, kote w te ye?
1
3
15
"vin" se fòm kout vèb "vini", "ven" se yon nonm "20", "vinn" pa egziste. Egz: "Vin wè m non! M ap ba w ven goud machin nan." "fin" se fòm kout vèb "fini", "fen" se yon non oswa yon adjektif. "finn" pa egziste. Egz: "M pa fin twò konprann fen liv la non". 🔁 : Gaye nouvèl la.
6
5
27
https://t.co/3iPtGRkD1Q Tande sa byen epi w ap wè diferans ant de son yo. M toujou ap tann règ ki di pa ka gen "ui" a.
Diferans ant son "ui" ak "wi": Son "ui": "M p ap di tuit." Son "wi": "M fè twit sa a pou m montre diferans ant ui ak wi."
0
1
2