Centrealaune Profile Banner
Centre à la Une Profile
Centre à la Une

@Centrealaune

Followers
405
Following
3K
Media
3K
Statuses
4K

Centre à la UNE, se yon medya an liy ki fonde 9 jiyè https://t.co/LZKJDaA080 bay nouvèl nan lang kreyòl.

Rennes, France
Joined January 2024
Don't wanna be here? Send us removal request.
@Centrealaune
Centre à la Une
12 hours
Atik 63 dekrè lwa elektoral la fikse montan chak kandida gen pou peye pou enskri pou pòs yo vle reprezante a. Tout sitwayen ki vle enskri pou kandida pou pòs Prezidan ap peye 1 milyon goud, Senatè 500 mil goud, Depite 250 mil goud, Majistra ap peye 100 mil goud, CASEC 25 mil goud
0
1
0
@Centrealaune
Centre à la Une
13 hours
Yon group Bandi viv ansanm ki soti nan awondisman #Mibalè travèse flèv latibonit anvayi lokalite Piton nan komin Boukankare aprè midi 13 mas 2026 la. Selon sa kèk temwen rapòte, bandi yo boule plizyè kay pami yo kay KAZÈK la, tire bèt peyizan yo. Abitan ki ap kouri mande sekou.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
2 days
Rezidans jounalis renome #Marvel_Dandin, Direktè Jeneral Radio #Kiskeya, sibi yon atak group ame byen bonè nan maten 12 mas 2026 nan (Petyonvil). Dapre yon sous jounal Le Nouvelliste, bandi yo tire sou kay la epi yo eseye kraze yon pòt ki mennen nan chanm li.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
2 days
Selon ABC News, FBI enfòme mèkredi sa a tout responsab sekirite Eta Kalifòni Ozetazini sou yon posib atak iranyen sou espas sa a ak dwón. FBI fè konnen yo gen enfòmasyon ki fè kwè Iran ka frape Etazini nan divès zòn nan kot Wès la.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
3 days
Polis Nasyonal Ayiti a kounye a gen elikoptè konba pou ede li goumen kont gang ame yo. Se sa responsab RNDDH, #Pierre_Espérance, revele 11 mas 2026 sou Magik 9.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
4 days
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, akonpaye ak yon delegasyon ofisyèl, kite peyi a lendi sa a pou ale patisipe nan seremoni envestiti nouvo Prezidan Chili a, José Antonio Kast, ki pwograme pou fèt 11 mas 2026.
1
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
5 days
Vyolan echanj kout zam ap fèt ant gwoup ame Pierre 6, Chyen Mechan ak Jeff Kanaran depi samdi swa nan zòn Kafou Fouji, espesyalman nan Vilaj Renesans. Kout zam yo, ki t ap tande depi yè swa, fòse plizyè fanmi kite kay yo pou sove lavi yo. Yon nonm yo rele Bébé ta pèdi lavi li.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
6 days
Konstriksyon prizon pou 85 milyon dola pou 50 ane angajman, finansman inivèsite prive : FJKL soulve kestyon sou kontra Leta a Klike la pouw li👇🏿 https://t.co/Se8Sq29GQb
Tweet card summary image
centrealaune.com
Daprè yon rapò Fondasyon Je Klere (FJKL), Leta ayisyen siyen depi 15 desanm 2025 yon kontra ki dire 50 lane ak konpayi Metric Facility S.A. pou konstriksyon ak jesyon twa prizon modèn nan Sous Matla...
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
6 days
Espò/patinaj: Gesny Pierre-louis kalifye Ayiti pou ale jwe yon gwo konpetisyon nan peyi Espay Li atik la 👇🏼 https://t.co/0IIQbyX58T
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
7 days
Premye minis Ayiti a, Alix Didier Fils-Aimé, reyini manm gouvènman an 7 mas 2026 pou yon sesyon travay ki te konsakre sou efikasite aksyon piblik la ak disiplin repibliken. Rankont sa a gen pou objektif fikse oryantasyon estratejik yo epi ranfòse kowòdinasyon nan mitan pouvwa a.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
8 days
Etazini ak otorite a.i yo nan peyi Venezyela, jwenn yon antant pou retabli relasyon diplomatik. Etap sa pral fasilite efò komen peyi yo pou mete estabilite, soutni repriz ekonomik epi fè avanse rekonsilyasyon politik nan Venezyela. Se sa @USAenFrancais pibliye vandredi 6 mas la.
0
0
0
@Centrealaune
Centre à la Une
8 days
"Pa dwe gen gè nan peyi Iran. Plizyè bilyon ap depanse, y ap voye ameriken al mouri, Trump dwe ale kounye a. Ameriken yo klè sou sa: Yo pa vle yon lòt gè, pwoteje amerika." Se konsa ameriken yo t ap manifeste tou prè Mezon Blanch semèn sa kont enplikasyon Etazini nan gè Iran an.
0
0
0